profile image
by pierresbaptiste
on 18/12/18

7 Rezon Ki Fè Moun Medyòk Fenk Kare Bon Sou Ou

Mwen rankontre anpil moun entèlijan ki mande anraje lè yo wè moun ki “medyòk” nan yon plas yo vle ye.
Anpati yo gen rezon, men se fòt nou si moun sa yo bon sou nou.

Anpil fwa entèlijans nou kokobe n.

Ebyen, jodia map pataje avè w 7 rezon ki fè moun sa yo fenk kare bon sou nou.

1- Ou a Bouske Pèfeksyon

Ou konn twòp bagay!
Enfòmasyon ak edikasyon bloke w. Ou vle pou tout sa w konnen yo reflete nan yon pwojè avan w koumanse.

Pandan wap tann ou gen tout zouti yo,
moun ou panse w pi fò pase li a, ap eseye, li ap voye tenten.
Men l ap aprann,
li ap pran eksperyans.
Li sou teren an.
Pandan w fokis sou pèfeksyon, li ap fè aksyon.

2- Ou Pa Vle Kòmanse Ba

Ou tèlman konnen w fò,
ou pa vle sal men w.
Ou twò fò pou w desann atè a.
Pandansetan moun ki pa konnen an,
pa pè mete pyèl nan labou.
Li konnenl pa entèlijan,
li pa gen lòt chwa ke kòmanse nan nivo ki pi ba a.

3- Ou Vle Moun Vide Sou Ou

Yeah, ou panse sa w ap fè a tèlman enpòtan ke moun ta dwe mache sou ou. Venere w.
Ou twouve sosyete a pa konn sa li vle.
Mèwi, ou ka gen rezon,
men si w vle fè ekla fò w gen benediksyon sosyete a.

Moun ki swadizan medyòk la,
pa pè mande,
fè soumoun ak chache benediksyon sosyete a.
Li pa pè mete tèt li deyò,
li pa pè al chachè moun yo.

4- Ou Pè Kritik

Ou pa vle moun jije w.
Ou santi w poko konn ase.
Lè w gen lòt diplòm w ap kòmanse.
Fò w pafè avan w men mete tèt ou deyò.

Dayè moun ki medyòk la deja medyòk,
li pa gen anyen l ap pèdi,
li met kòl deyò.
Li pran mikwo,
li poze kandida,
li sòti albòm.
Li pa ba w anyen regle pou li.
Kritikel si w vle kritikel.

5- Ou Panse w Entèlijan

Ou sèlman vle fè aksyon oswa bagay kote w ka konfime entèlijans ou.
Ou pa p avantire w nan enkoni.
Sa k enpòtan pou ou se kenbe repitasyon w kòm moun entèlijan.
Alòs ou pa p fè anyen ki ka mete entèlijans ou an kesyon devan je lòt moun.
Ou pa pèdi bèl ou.
Ou jis fè sa w konn fè.

Moun medyòk konnen yo pa entèlijan,
alòs yo ap chache konnen.
Yo ap eksperimante.
Yap fouye zo nan kalalou.

6- Ou Pè Mande Èd

Ou tèlman fò, ou pè mande èd.
Ou santi w wont.

Moun ou panse w entèlijan pase yo a,
pa pè mande èd lè yo kole.
Yo pa pè poze vye kesyon.
E yo prè pou yo dòmi devan kay moun lan pou yo jwenn èd la.

7- Ou Sou Ban

Ou prefere kritike moun ki ap mal travay la ke w monte teren an.
Si w panse w konnen vre, gonfle venn ou epi monte teren an.
Ou pa ka fè gol si w pap jwe.

Fèk kare gen moun medyòk kap dirije w epi kap fè hit
toutotan w rete sou ban an.

W ap Bay Legen????

Petèt te gen yon esklav ki te pi entèlijan ke Dessalines ak Toussaint, men domaj…

Si w konsidere tèt ou tankou moun entèlijan,
men entèlijans ou pa ka kreye enpak ou vle a,
li lè pou w remete estrateji w yo an kesyon